
FÒMATÈ 360
Ede patisipan yo devlope kapasite pou pran lapawòl an piblik, prepare epi estriktire yon fòmasyon, transmèt konesans avèk klète, epi anime yon gwoup avèk efikasite.
Sou evènman an
FÒMATÈ 360 se yon pwogram fòmasyon pratik ki vize devlope kapasite moun ki vle vin fòmatè, konferansye, entèvenan oswa animatè seyans aprantisaj.
Pwogram nan fèt pou moun ki gen konesans, eksperyans ak konpetans pou pataje, men ki vle aprann pi bon teknik pou prepare entèvansyon yo, kominike avèk efikasite epi kreye yon eksperyans aprantisaj ki enteresan pou piblik yo.
Pandan senk seyans, patisipan yo ap dekouvri epi pratike prensip fondamantal ki pèmèt yon moun prepare, prezante epi anime yon fòmasyon ak konfyans ak metriz.
Konpetans patisipan yo ap devlope
Nan fen pwogram nan, patisipan yo ap kapab:
- Idantifye domèn entèvansyon yo ak sijè yo metrize pou pataje.
- Analize yon evènman ak piblik la anvan yo aksepte yon envitasyon pou pran lapawòl.
- Prepare epi estriktire yon plan fòmasyon selon objektif ak pwofil patisipan yo.
- Itilize zouti ak platfòm dijital pou prepare dokiman prezantasyon.
- Byen kòmanse yon fòmasyon oswa yon entèvansyon an piblik.
- Itilize teknik kominikasyon pou kenbe atansyon epi konekte ak odyans lan.
- Mete an plas egzèsis ak aktivite entèraktif pou ankouraje patisipasyon.
- Byen fe konklizyon epi klotire yon seyans fòmasyon.
Apwòch pedagojik
FÒMATÈ 360 privilejye yon apwòch pratik ki konbine transmisyon konesans, demonstrasyon, egzèsis endividyèl ak kolektif, senaryo pratik ak sesyon koreksyon.
Objektif la se pa sèlman ede w konprann prensip yo, men ba w okazyon pou aplike teknik yo epi amelyore kapasite w.
Enfòmasyon sou pwogram nan
Dire: 5 seyans fòmasyon.
Kantite patisipan: 15 moun.
Pri patisipasyon: 1 500 goud.
Piblik sib: Jèn, etidyan, pwofesyonèl, antreprenè, responsab òganizasyon, fòmatè debitan ak tout moun ki enterese devlope kapasite yo nan transmisyon konesans nan vil Jakmel.
Bon pou konnen
Dat ak lè
Fen : Sam. 14 nov. · 10:00
Zòn lè : America/Port-au-Prince
Kote
R&J Learning Center
Beaudoin, Jacmel, HT
Kesyon
Ou gen yon kesyon sou evènman an ? Mande : òganizatè a ak fanatik yo reponn isit la.
Poko gen kesyon. Se ou ki pou mande an premye !