Poster: FÒMATÈ 360
FÒMATÈ 360

FÒMATÈ 360

Ede patisipan yo devlope kapasite pou pran lapawòl an piblik, prepare epi estriktire yon fòmasyon, transmèt konesans avèk klète, epi anime yon gwoup avèk efikasite.

Starts in
TicketsFrom 1 500 HTG + fees
Get tickets

About

FÒMATÈ 360 se yon pwogram fòmasyon pratik ki vize devlope kapasite moun ki vle vin fòmatè, konferansye, entèvenan oswa animatè seyans aprantisaj.

Pwogram nan fèt pou moun ki gen konesans, eksperyans ak konpetans pou pataje, men ki vle aprann pi bon teknik pou prepare entèvansyon yo, kominike avèk efikasite epi kreye yon eksperyans aprantisaj ki enteresan pou piblik yo.

Pandan senk seyans, patisipan yo ap dekouvri epi pratike prensip fondamantal ki pèmèt yon moun prepare, prezante epi anime yon fòmasyon ak konfyans ak metriz.

Konpetans patisipan yo ap devlope

Nan fen pwogram nan, patisipan yo ap kapab:

  • Idantifye domèn entèvansyon yo ak sijè yo metrize pou pataje.
  • Analize yon evènman ak piblik la anvan yo aksepte yon envitasyon pou pran lapawòl.
  • Prepare epi estriktire yon plan fòmasyon selon objektif ak pwofil patisipan yo.
  • Itilize zouti ak platfòm dijital pou prepare dokiman prezantasyon.
  • Byen kòmanse yon fòmasyon oswa yon entèvansyon an piblik.
  • Itilize teknik kominikasyon pou kenbe atansyon epi konekte ak odyans lan.
  • Mete an plas egzèsis ak aktivite entèraktif pou ankouraje patisipasyon.
  • Byen fe konklizyon epi klotire yon seyans fòmasyon.

Apwòch pedagojik

FÒMATÈ 360 privilejye yon apwòch pratik ki konbine transmisyon konesans, demonstrasyon, egzèsis endividyèl ak kolektif, senaryo pratik ak sesyon koreksyon.

Objektif la se pa sèlman ede w konprann prensip yo, men ba w okazyon pou aplike teknik yo epi amelyore kapasite w.

Enfòmasyon sou pwogram nan

Dire: 5 seyans fòmasyon.
Kantite patisipan: 15 moun.
Pri patisipasyon: 1 500 goud.

Piblik sib: Jèn, etidyan, pwofesyonèl, antreprenè, responsab òganizasyon, fòmatè debitan ak tout moun ki enterese devlope kapasite yo nan transmisyon konesans nan vil Jakmel.

Good to know

Doors open 15 min before
Dress code : Formel
No refunds

Date and time

Starts : Sat 14 Nov · 08:00
Ends : Sat 14 Nov · 10:00
Timezone: America/Port-au-Prince
Add to calendar : Google Calendar Apple / ICS Outlook

Location

R&J Learning Center
Beaudoin, Jacmel, HT

Directions ›
Follow this venue Hear about upcoming events here.

Questions

A question about the event? Ask: the organizer and fans answer here.

No questions yet. Be the first to ask!

Ask a question

Organizer

ANN KREYE
Followers
0
Events
2
New on Passpam
Follow Hear about their next events.
Contact
From 1 500 HTGSat 14 Nov
Get tickets

Event QR code

Print it on a poster or show it: scanning it opens this page to book.

Event QR code, scan it to book

The SVG stays sharp at any size (posters, banners).